Poèmes Par ThèmesPoésie et Poèmes d'Amour
Poésie tous les thèmes Poèmes Tristesse Poèmes de Colère Textes de Grands Auteurs Poèmes érotiques Poèmes et textes en SLAM Poésie sur la mort Textes en Acrostiches Nouvelles, Contes et Prose Poèmes comiques Poèmes sur la Famille Poèmes sur la Nature Poèmes Anniversaire Mariage Poésie et textes en Haïkus Poemes en Sms et textos PartenairesCitations Poèmes
Citations Poésie Poésie et citations Lettres d'amour Poèmes Poesie d'amour Déclarations d'amour Beaux Poèmes Poésie des poèmes L'Amour des Poèmes Poèmes pour Femmes Poésie pour Femme Lettres d'amour Télévision et People Paraboles Antennes Bébés et Jumeaux Blagues Délires Humour Contact |
Kè TizèPublié par Pjs-jems le 8/1/2010 (731 lus)
Kè m’pa ka pale
Men l’toujou gen pou l’ di Li rann bouch mwen san souf Li fin fatige men m’ Li voye pye m’tout kote Li fòse nen m’toujou chache odè w Li fè zòrè mwen tounen tizè vwa w Kè m’pa menm konn li Men l’toujou bezwen ekri Li vòlè tout konesans sèvo m’ Pou l’fè ou kwè li konn ekri bèl pwezi Li tèlman anvi chame w! Li pa menm wont pou yo pa rele l’kopyadò Kè m’tizè kòw cheri Li tizè w Kè m’tizè cheri M’trò piti pou m’kenbe l’ Tout sa m’fè l’pa tande m’ Li ret kwè se sèl non w’ki vle di fanm Li pa vle dakò se youn sèl Dye moun adore Li di “sèl si se ta ou menm” Kè m’tizè kow cheri Li tizè w Ou wè jan l’fou cheri Li pa menm pè blasfeme Li jire paradi pa l’se bò kote w Lanfè l’se lè w’bal do Lè l’rete li depale Li menm panse san ou l’manke moso Kè m’tizè kow cheri Li tizè w Lè m’bezwen dòmi Li vle panse Li bliye si l’pa save M’pa konn a kisa l’ap reflechi Lè pou m’leve Li poko fin reve Kè m’tizè kòw cheri Li tizè w Li di libete pa l’ Se lè ou pran l’pou esklav Li kwè se yon lonè Si w’pran l’pou tchoul Li panse l’ap tout pisan Paske ou se fos li Kè m’tizè kòw cheri Li tizè w
|
Poèmes récents
|
|||||||||
: Kè Tizè - La Poésie tous les thèmes - Poèmes